At The Crossroads Of Education
Temporary Place Holder
KALFOU EDIKASYON
<
Haitians: At The Crossroads Of Education
ONÈ-RESPÈ NAN KALFOU EDIKASYON
Depi lan kòmansman istwa peyi dayiti, Edikasyon te toujou youn pwoblèm ki byen chouke lan tout
nannan rasin sosyete tou nèf Jan Jak Desalin ak Petyon te kreye a. Se pa youn aksidan si pousantaj
90% moun ki pa konnen ni li ni ekri pa janm ni monte ni desann magre 200 lane istwa redi ak tout
kalite goumen pou ti nèg avanse. Sa pi rèd toujou lè nou konnen ke depi dènye karant lane ki sot
pase a, plis pase 20% peyi a deplase ale nan peyi lòtbò.
San nou pa antre nan detay rezon ki esplike sitiyasyon makawon sila, nou menm nan Kalfou
Edikasyon nou kwè ke li dirije li kontwole politikman sosyalman andedan koun deyò. An tan ke
edikatè ak pwofesyonèl Ayisyen nou kwè li fè plis sans pou nou pran mezi nesesè pou fè fas ak
malfezans sila a. se rezon esansyèl ki esplike ekzistans Kalfou Edikasyon.
Lan paj sila a n ap fè posib nou ak sipò tout ayisyen pou eseye bay kominote nou a sèvis nan tout
aspè edikasyon.
Ti moun elemantè
Ti moun lan High School
Etidyan lan kolèj
Etidyan "graduate school":
Master, (metriz) Phd,(doktora)
Lekòl medsin (medical school)
Lekòl de dwa (law school}
Lekòl Teknik:
Enfimyè (Nursing)
Radyoloji
P.A
Respiratory Therapy
Lisans pwofesyonèl nan plizyè Eta
Egzamen:
SAT
HSCT
MCAT
LSAT
Medical boards
USMLE 1, 2, 3
Egzamen lisans (nursing)
Financial Aid. Awards, Grants, Scholarships .
N ap toujou rete vijilan sou pwoblèm edikasyon nan Peyi Dayiti tankou: pwoblèm sistèm ansèyman
pwoblèm enfrakstrikti, pwoblèm sipèstrikti lan nivo lekòl primè, segondè ak inivèsite.
N ap genyen youn seksyon espesyal pou batay tèt kale jouk sa kaba pou alfabetizasyon blayi tout
bon vre lan peyi Dayiti.
Nou menm lan Kalfou edikasyon nou kwè seryèzman si Ayiti ka siviv sa li pase deja, li pa ka, e li
pap janm mouri.
UnRegistered
http://www.instantweb.com/K/KALFOUEDIKASYON/
Last updated by UnRegistered on 8/11/97

Web Weaving by InfoStreet's Instant Web Sites